Si ou pa ka eksprime oswa entèagi nan yon lòt lang sa ka mete barikad sou wout devlopman profesyonèl ou e menm nan vi pèsonèl ou. Sa ka yon obstak nan karyè ou e ba w difikilte nan deplasman vwayaj ou.
SOLISYON AN
Enskri w nan kou espanyòl nan Institut Lope De Vega, kòmanse fè wout pou jwenn lòt opòtinite, yon lòt mond ap tann ou.
OPSYON
Pwofesè ak Titè nou yo, toujou disponib pou ba nou konsèy, pou gide nou, pou akonpaye nou, nan chak etap sou wout evolisyon, devlopman nou an.
Aprantisaj se yon vwayaj ki mennen w dekouvri opòtinite.
Temwanyaj (sa kèk nan etidyan ak pwofesè no yo gen pou di)
Mwen rekòmande Institut Lope De Vega, pase ekip yo a efikas e konn kominike, yo toujou pare pou reponn keksyon, pou ede w jwenn kou ki apropriye pou ou a.
Jeanette Rose
Pòtoprens, Ayiti
Kou yo fasil pou swiv. Mwen sezi jan mwen aprann rapid. Yo byen òganize e ban m bon jan rekòmandasyon pou mwen te ka chwazi bon kou yo, ak jwenn bon zouti pou mwen progrese.
Gerald Gilbert
Okap, Ayiti
Eksperyans mwen ak Institut Lope De Vega, te klè, fasil, efikas, eksepsyonèl. Yon ekip ki travay rapid, ki chalere, ki pran an kont ni bezwen ni krent chak moun. Bon kolaborasyon, kominikasyon ekselant.
Enstiti a devlope yon nouvo aplikasyon ki ap pèmèt nou amelyore ak pèsonalize aprantisaj nou ak tout pratik nou.
Mete tèt nou sou lis atant la pou nou sa youn nan premye ki telechaje OLA ! Benefisye yon zouti modèn nan pwent teknoloji.