Institut Lope de Vega

FONDATÈ NOU

Apropo

Institut Lope De Vega se yon referans enkontounab nan peyi Dayiti pou aprann panyòl. Dr. Louis G. Lamothe ki te enspire pa ekriven panyòl la M. Félix Lope de Vega, te fonde enstiti a nan lane 1957. Sa fè plis pase 60 lane depi etidyan pran fòmasyon nan Institut Lope de Vega. Metòd aprantisaj Institut a, baze sou sistèm yo rele imèsyon total, ki rekonèt mondyalman pou efiksite li. Diplis Institut Lope de Vega se yon nan 2 grenn institisyon an ayiti ki bay sètifika ak akreditasyon ki rekonèt ditilite piblik.

Opòtinite

Jodi a, Institut Lope de Vega rive pi iwen toujou, li devlope yon platfòm efikas pou fè kou an liy, li rantre nan kad Nouvo Nòmal la nan apratisaj a distans. Platfòm la disponib pou tout moun, li ofri opòtinite pou nenpòt kilès aprann yon nouvo lang, devlope konesans li epi rive nan yon lòt nivo.

San konte pou ranfòse inovasyon sa a, Institut an ap devlope yon aplikasyon ki pral pèmèt plis moun dekouvri ak pratike bèl lang lòt peyi. Aplikasyon sa a, ap soti byento. Pami lang l ap ofri yo, n ap jwenn lang Cervantes la, toujou ak menm metòd senp la ki ap pèmèt nou fè pratik lang la etan nou ap fè konvèsasyon, tradwi, ekri, pran nivo chak jou. konsa nou tou ap louvri pòt bay opòtinite.